Crioulo-haitiano

Anvan nou kòmanse, li enpòtan pou w konnen ke w kapab gen aksè a kèk sèvis Copel
atravè Whatsapp nan nimewo + 55 41 3013-8973! Yo endike sèvis sa yo atravè tèks sa a.

¿Necesitó de Copel? ¡Envíe un Whats!

Bonjou,
bonswa! Kouman ou ye?

Nou swete w byen vini ou menn ak fanmi
w nan peyi Brezil, espesyalman nan eta Parana!

Nan ti livrè sa a, w ap jwenn prensipal
enfòmasyon sou sèvis enèji elektrik Copel la.

Ou kapab anrejistre nan Copel kòm “Pessoa Fisíca”
[Pèsòn Fizik] – pou w mete kouran lakay ou
-, oubyen kòm “Pessoa Jurídica” [Pèsòn Jiridik] – pou w mete kouran nan biznis ou.

La a w ap jwenn enfòmasyon pou anrejistre
kòm “Pessoa Física” [Pèsonèl Fizik].

Dokiman ki nesesè pou w enskri nan Copel:

“Cadastro de Pessoas Físicas – CPF” [CPF: Rejis Pèson Fizik] Enskripsyon ak CPF la ka fèt sou entènèt, sou sit Receita Federal la.

“Carteira de Registro Nacional Migratório – CRNM” [Kat Rejis Nasyonal Migrasyon an – CRNM] ki rele tou RNE “Registro Nacional de Estrangeiros – RNE” [Rejis Nasyonal pou Etranje].

Enskripsyon pou jwenn CRNM a ka fèt sou sit entènèt Polis Federal la site da Polícia Federal.

W ap bezwen tou pou enfòme adrès ou, nimewo telefòn selilè w oubyen telefòn fiks ak e-mail ou.

Ou poko kliyan Copel?

Prensipal sèvis pou moun ki poko kliyan Copel

Lakay mwen poko gen kouran.

Ki sa mwen dwe fè?

Fè yon “Pedido de ligação” [Demann de koneksyon] nan “Agência virtual” [ajans vityèl], pa telefòn oswa nan yon ajans fizik.

Pou fè yon nouvo demann de koneksyon, li nesesè pou w prepare estrikti fizik “entrada de serviço” [rantre pou sèvis] kote w ap fè enstalasyon sèvis la anvan.

Estrikti sa a dwe gen ladan l, poto elektrik la, kontè a, fil ak brekè a.

Estrikti a dwe rantre nan nòm teknik e sekirite Copel egzije yo epi tou li dwe apropriye ak chaj ke yo ap itilize.
Nou rekòmande pou w kontakte elektrisyen kalifye pou fè sèvis sa a, paske pou yo konekte w, fòk Copel aprouve estrikti fizik kote w vle fè enstalasyon an.

Dokiman nesesè pou koneksyon an:

  • “Cadastro de Pessoa Física – (CPF)” [Rejis
    Pèsòn Fizik]
  • “Carteira de Registro Nacional Migratório –
    CRNM” [Kat Rejis Nasyonal Migrasyon an – CRNM] ki rele
    tou RNE “Registro Nacional de Estrangeiros – RNE” [Rejis
    Nasyonal pou Etranje].

Kont kouran mwen an nan non yon lòt moun?

Ki jan pou m fè pou kont kouran an vin sou non mwen?

W ap mande “Troca de titularidade” [Chanje abone], ou ka fè a sou entènèt la nan, “Agência Virtual” [Ajans Vityèl], pa telefòn oubyen nan yon ajans fizik.

Si w rete nan fèm kay oubyen kote w rete a se pou yon “titular” [lòt moun], ou kapab anrejistre bil kouran an sou non pèsonèl ou, nan “unidade consumidora” [inite konsomatè], yo itilize tèm sa a pou fè referans a lokal ki pral resevwa kouran an (lakay ou a, pa egzanp).

Chanjman non moun ki te anrejistre anvan an sou kont lan ap fèt sèlman aprè verifikasyon preyalab,
sa vle di, si ta genyen bòdwo kouran Copel ki anrejistre
sou non w ki poko peye ap anpeche w jwenn sèvis la.

Dokiman nesesè:

  • “Cadastro de Pessoa Física – CPF” [Rejis Pèsòn Fizik]
  • “Carteira de Registro Nacional Migratório – CRNM” [Kat
    Rejis Nasyonal Migrasyon an – CRNM] ki rele tou RNE “Registro
    Nacional de Estrangeiros – RNE” [Rejis Nasyonal pou Etranje].

Li enpòtan pou w konnen.

Nan Copel, pwofesyonèl ki la pou fè “leitura” [lekti] o swa kontwole enèji, gaz ak dlo nan inite konsomatè yo rele “leiturista” [lektè].

Ou deja kliyan Copel?

Prensipal sèvis pou moun ki deja kliyan Copel

Yo koupe kouran lakay mwen pou mank de pèyman?

Ki sa mwen dwe fè?

Aprè w fin peye bòdwo ki te an reta a, fè “Pedido de religação” [Demand rekoneksyon] an atravè aplikasyon Copel la, oswa atravè
Ajans Vityèl, oubyen nan ajans fizik.

Mwen pèdi bòdwo kouran m nan, ki sa pou m fè pou m ka peye l?

Fè demann “Segunda Via da Fatura” [Dezyèm Dopi Kòdwo a]

Si tout fwa ou pa gen bòdwo kouran an nan men w, ou kapab enprime yon kopi nan youn nan fason sa yo:

  1. atravè aplikasyon Copel la, klike sou ikòn “consultar débitos”
    [konsilte pèyman].
    Chwazi opsyon “segunda via em PDF” (yon dezyèm kopi an PDF). Ou
    kapab tou chwazi bòdwo a sou ikòn PDF la epi klike sou “copiar toda a
    linha digitável” (kopye liy nimerik yo). Lòt opsyon an se klike sou ikòn
    “histórico de consumo e pagamento” (istorik konsomasyon ak pèyman)
    epi chwazi bòdwo a.
  2. oswa atravè sit Copel la:
    Ou kapab telechaje yon dokiman pou w peye nan lenk, sa a, pandan w ap enfòme CPF moun ki responsab kont
    lan ak nimewo kay la. Aprè w fin lokalize inite konsomatè
    a avèk enfòmasyon ou te bay deja yo, li nesesè pou w
    konfime done moun ki responsab kont lan (dat li fèt oswa
    non manman l).
  3. Atravè WhatsApp

Pa gen kouran lakay mwen. Kouman pou m fè pou m avize Copel?

Pou w enfòme Copel sou mank d elektrisite, ou kapab itilize Ajans Vityèl, WhatsApp, aplikatisyon Copel la oubyen voye yon mesaj SMS avèk tèks sa a “SL” ansanm ak nimewo inite konsomatè a, nan nimewo sa a 28593 (pa itilize pwen oswa tras nan mesaj la).


Egzanp: SL1234

 

Benefis Sosyal pou gen aksè ak elektrisite

Nan peyi Brezil ak nan eta Paraná, genyen benefis sosyal espesifik pou w gen aksè ak elektrisite, ke w kapab mande, si tout fwa ou reponn a kritè ke gouvènman federal e depatmantal yo etabli.

“Tarifa Social de Energia Elétrica” [Tarif Soyal Enèji Elektrik la] pa ekzanp, fè rabè nan tarif kouran pou fanmi ki pa gen gwo mwayen. Deja “Luz Fraterna” [Limyè Fratèna] peye valè total tarif kouran pou fanmi ki konsome jiska 120 kWtè.

Migran ak refije, menm ke yo pa genyen yon pwosesis de regilarisayon migratwa ki defini (ke yo se demandè de refij, pa egzanp), gen dwa pou yo jwenn benefis sosyal, konfòmeman a lejistrasyon ki an vigè a.

Kiyès ki gen dwa ak benefis sosyal pou gen aksè a elektresite sa a?

Gade kritè yo pou dekouvri si w ranpli kondisyon pou w fè pati pwogram “Tarifa Social de Energia Elétrica ou Luz Fraterna” a [Tarif Sosyal Enèji Elektrik oubyen Limyè Fratèna a]:

  1. Fanmi ki enskri nan “Cadastro Único para Programas Sociais do Governo Federal – Cad Único” [Rejis Inik pou Pwogram Sosyal
    Gouvènman Federal la – Cad Único] ki gen yon revni familyal pa mwa
    pou chak moun, ki piti pase oswa egal a mwatye salè minimòm nasyonal la epi ki atyalize Rejis li depi mwens ke 2 zan. Nan modalite sa a, nan ka konsomasyon chak mwa pa ta depase 120 kWtè, pami lòt kritè, bòdwo limyè a pral peye pa pwogram Limyè Fratèna. Fanmi ki gen yon konsomasyon ki rive jiska 220 kWtè ap resevwa rabè nan Pwogram Tarif Sosyal la.
  2. Fanmi ki enskri nan “Cadastro Único para Programas Sociais do Governo Federal – Cad Único” [Rejis Inik pou Pwogram Sosyal
    Gouvènman Federal la – Cad Único], ak yon revni familyal ki rive jiska twa salè minimòm epi ki atyalize Rejis li depi mwens ke 2 zan, ki gen yon moun malad oswa ki gen yon maladi ki egzije l pou l itilize aparèy elektrik tout tan pou fè tretman l. Nan ka sa
    a, pa gen okenn limit sou konsomasyon an.
  3. Moun ki resevwa “Benefício da Prestação Continuada
    – BPC (Amparo Social ao Idoso ou Amparo Social à Pessoa
    com deficiência)” [Benefis Pwovizyon Kontini – BPC
    (Pwoteksyon Sosyal pou Granmoun Aje oswa Pwoteksyon
    Sosyal pou Moun ki Andikape)].

 

Benefis yo valab sèlman pou yon inite konsomatè.

Si w gen youn nan pwofil revni ki dekri an wo a, men ou poko enskri nan Cad Único lan, ale nan “Centro de Referência em Assistência Social – CRAS” [Sant Referans Asistans Sosyal – CRAS] nan minisipalite w la epi fè enskripsyon. Ou pral resevwa yon “Número de Identificação Social – NIS” [Nimewo Idantifikasyon Sosyal – NIS]. Se avèk li, w ap reyalize Rejis Tarif Sosyal la.

Ki jan pou w fè demann benefis la?

Pou fanmi ki gen revni familyal mansyèl pa moun ki enferyè a mwatye salè-minimòm nan dwe antre an kontakte avèk Copel epi prezante:

  1. Kopi CRNM nan oswa Pwotokòl demand CRNM nan oubyen
    Refijye ak CPF detantè NIS la.
  2. “Número de Identificação Social” [Nimewo Idantifikasyon Sosyal] – NIS.

Fanmi ki gen yon moun ki itilize ekipman elektwomedikal epi ki gen yon revni total ki rive jiska 3 salè minimòm, li enpòtan pou:

Mande doktè ki responsab la pou ranpli Fòmilè a -“usuários de
equipamentos eletromédicos” [Itilizatè Ekipman Elektwomedikal yo].

Ale nan Copel ak fomilè a:

  1. Kopi CRNM nan oswa Pwotokòl Demand CRNM nan oswa
    Refijye ak CPF detantè UC a ak itilizatè ekipman an (si se pa
    menm moun nan);
  2. “Termo de Compromisso” [Tèm angajman]- Itilizatè ekipman
    elektwomedikal yo;
  3. “Declaração de vínculo” [Deklarasyon lyen ant moun yo] – si mèt kay la nan inite konsomatè ak itilizatè ekipman an pa menm moun nan.

Benefisyè Prestasyon Kontini a dwe kontakte Copel epi prezante:

  1. Kopi CRNM nan oswa Pwotokòl Demann CRNM nan oswa Refij ak CPF detantè NIS la.
  2. “Número do Benefício” [Nimewo Benefis] – NB.

 

Enpòntan:

Sèlman benefis ki genyen nan “Instituto Nacional do Seguro Social (INSS)” [Enstiti Nasyonal Sekirite Sosyal (INSS)] kòm
Pwoteksyon Sosyal pou Gran moun Aje (tip 88) oswa Pwoteksyon Sosyal pou Moun ki Andikape (tip 87) y ap aksepte.
Si ou resevwa yon lòt kalite retrèt ak revni per capita pi piti pase mwatye salè minimòm nan, ale nan CRAS minisipalite w la epi
enskri nan Rejis Inik la.

Ki jan pou m konnen si m resevwa benefis yo?

Apre ou fin fè demann lan, yo pral analize l nan 3 jou ouvrab. Copel sèlman pral ka aplike benefis la apre l fin valide enfòmasyon ki soti nan NIS oswa nan NB ak sistèm konsiltasyon ki enpòtan yo. Si enskripsyon ou nan Rejis Inik lan oswa nan Benefis Prestasyon Kontini an resan, li posib pou enfòmasyon ou yo poko disponib pou konsiltasyon. Nan ka sa a, yo pral fè yon nouvo rechèch nan 30 jou, jan lalwa egzije sa a.

Se sèlman valè elektrisite ke w konsome a ke w pral peye. Valè tankou amann ak lòt moun pa kouvri nan pwogram nan.

Enpòtan:

Pou benefis la kontinye, enskripsyon w ansanm ak Rejis Inik la dwe aktyalize omwen chak 2 zan. Fanmi endijèn ak quilombola gen rabè diferan.

Yon moun nan fanmi mwen itilize ekipman esansyèl pou l an vi. Èske mwen dwe avize Copel?

Wi! Fè “Cadastro de Usuário de Equipamento Vital” [Rejis Itilizatè Ekipman Vital]. Klike la a pou jwenn oryantasyon yo.

Rejis pou Itilizatè d Ekipman Vital Ki sa li ye?

Se Rejis nan inite konsomatè kote moun ki itilize ekipman elektrik esansyèl pou yo rete an vi. Rejis sa a ap rive fèt sèlman si gen yon demann klè epi si yo prezante prèv medikal sou kondisyon itilizatè a.

Copel bezwen konnen ka sa yo pou l ka bay preferans epi avèti preyalableman sou dekoneksyon pwograme rezo eletrik la, epi tou, lè ki p ap gen kouran, se yon fason pou evite gen pwoblèm nan ekipman elektrik ki prezève lavi itilizatè a.

Gade lis ekipman ki gen pou wè a kondisyon klinik itilizatè a, sa vle di, ekipman ki endispansab pou kenbe moun nan an vi:

  • Respiratè oswa vantilatè pou poumon;
  • Monitè de paramèt vital;
  • Aspiratè sekresyon;
  • Ekipman pou Dyaliz Peritoneyal Otomatik ke nou ka jwenn nan modalite sa yo: Dyaliz Anbilatwa Peritoneyal
    Kontini (CAPD), Dyaliz Peritoneyal Lannwit (NIPD) ak Dyaliz Peritoneyal Kontini pou Siklis (CCPD);
  • Aparèy chimyoterapi;
  • Konsantratè Oksijèn;
  • Ponp pou pèfisyon;
  • Oksimèt;
  • CPAP ak BIPAP;
  • Sitiyasyon espesyal ki baze sou evalyasyon medikal..

Nan ka pa ta gen k ouran nan rezidans moun ki itilize “Cadastr o de Usuário de Equipament o Vital” [Kadas
Itilizatè Ekipman Vital la] , re sponsab rezidans lan k a rele nan nimewo sa a 0800 643 5445 (sèvis eksklizif).

Kouman pou m enskri?

Pou fè enskripsyon nan Rejis Itilizatè Ekipman Vital yo, dokiman sa yo dwe soumèt bay Copel:

  1. Kopi CRMN ak CPF moun ki gen UC a e CPF
    itilizatè ekipman an (si se pa menm moun nan);
  2. Fòmilè – “Usuário de equipamentos
    eletromédicos” [Itilizatè Ekipman Elektwomedikal yo].
    Doktè ki responsab la dwe ranpli fòmilè a, mete so sou li epi
    siyen l;
  3. “Termos de compromisso” [Tèm angajman an];
  4. “Declaração de Comprovação de Vínculo com o
    Responsável pelo Imóvel” [Deklarasyon ki Prouve Lyen ak
    Responsab Pwopriyete a]. Nan ka itilizatè ekipman an ak
    detantè inite konsomatè pa ta menm moun nan.

Apre ou fin fè depo pyès yo, yo pral analize demann ou an nan espas 5 jou ouvrab.

Copel ka mande opinyon medsen antrepriz la, konsa tou, yo ka mande pou fè verifikasyon nan aparèy la, lè yo jije sa nesesè.

Enpòtan:

Rejis Itilizatè pou Ekipman Vital la dwe renouvl e chak ane oswa chak fwa Copel mande sa a.
Rejis sa a pa egzante itilizatè a pou peye regilyèman fakti a, oswa nan aksyon ki ekzije ou peye jiska sispansyon ekipman yo. Nan ka ou ta chanje adrè s, ou dwe avèti Copel pou y o ka transfere Rejis la, si ekip – man an toujou nesesè.

Nou espere ke enfòmasyon bazik sa yo ap ede w gen aks è a sèvis Copel la epi ede w konstwi yon lavi miyò nan peyi Brezil.
Konte sou nou!